Tèm astral pèsonèl / analiz natal ak etid nimewolojik

Tèm Astral Pèsonèl se kat sekrè syèl la te trase sou ou nan moman ou te sòti nan vant manman w. Nan ansèyman ezoterik yo, li pa senpleman yon lis siy oswa planèt; li se yon lang mistik, yon kòd vivan, yon achiv envizib ki pote tras enèji, tandans, don, tès, ak potansyèl nanm yon MOUN. Li revele jan fòs selès yo te òganize nan lè nesans ou, epi kijan mouvman sa yo make epi afekte chimen ki trase andedan w ak fason ke w viv lavi w sou tè a.

Nan vizyon sa a, Tèm Astral la reprezante plis pase pèsonalite yon MOUN. Li se yon miwa pwofon ki ka ede w gade fasafas veritab nati w: fòs ki ap dòmi anndan w, blokaj ou pote, kalite relasyon ou atire, batay ou gen pou w mennen nan lavi w, ak kalite limyè ou vin pote nan mond lan. Li pèmèt yon MOUN wè ke lavi li pa sèlman fèt ak yon seri de bagay ki rive pa aza nan vi li, men li mare ak yon dewoulman evènman sibtil kote chak etap, chak travèse, chak rankont ka pote yon siyifikasyon pi pwofon pase sa je fizik la wè.

Pou yon MOUN, Tèm Astral la ka sèvi tankou yon kle pou louvri pòt konesans sou tèt li. Li ede MOUN nan konprann poukisa li santi l atire pa kèk chimen olye de yon lòt, poukisa kèk eprèv retounen nan lavi li, epi ki kalite travay enteryè li bezwen fè pou l reprann ekilib li. Gen defwa li mete limyè sou domèn afektif la, sou fason yon moun renmen, sou blesi li kache, sou jan li bay tèt li, ak sou kalite lyen nanm li konn mare ak lòt MOUN. Gen lòt fwa li klere kestyon travay, vokasyon, misyon, ak fason yon MOUN dwe itilize don li yo pou l pa trayi apèl misyon nanm li.

Nan nivo espirityèl, Tèm Astral la ka gide yon MOUN pou l konprann pi byen sik lavi li yo: peryòd ouvèti, peryòd retrè, moman batay, moman renesans. Li ka montre ki leson yon moun vin aprann, ki kalite disiplin li bezwen devlope, ak ki chemen konsyans ki pi aliyen ak veritab vibrasyon li. Se pa yon zouti pou fèmen yon moun nan sò li, men yon mwayen pou ede l wè ak plis klète kote li soti, ki kote li kanpe, epi ki direksyon ki rele l.

Nan liy Lekòl MOUN Ayiti, Tèm Astral Pèsonèl la antre nan yon demach ki chèche reveye limyè ki andedan chak MOUN. Li pa sèlman yon lekti sou zetwal; li se yon envitasyon pou rekonekte w ak tèt ou, ak ritm lavi ou, ak mistè ki akonpaye nesans ou depi premye souf ou sou tè sa. Li ede w konprann ke ou pa sèlman yon kò k ap travèse tan, men yon prezans vivan ki pote siy, memwa, misyon, ak yon relasyon pwofon ak linivè. Se poutèt sa Tèm Astral la ka tounen yon bousòl sakre: li ede w mache ak plis konsyans, pran desizyon ak plis sajès, jere relasyon w ak plis klète, epi avanse sou chimen verite w ak plis amoni.

Malgre tout bagay sa yo, gen yon mistè ki rete vivan: Tèm Astral Pèsonèl la pa janm retire libète yon MOUN. Okontrè, li ba li plis konsyans sou fòs ki travèse l yo, pou li ka sispann viv nan fènwa sou tèt li epi kòmanse mache ak je enteryè li louvri. Se nan sans sa a li vin tounen pa sèlman yon analiz, men yon rankont ant MOUN nan ak pwòp kat sekrè egzistans li.

Jan tradisyon ezoterik lan di li ak rezon: “Astra inclinant, sed non obligant”. Ke nou te ka tradui pa :  “Les astres inclinent mais n’obligent”  oubyen nan lang pan ou : “Zetwal yo enfliyanse chimen an, men yo pa fòse desten an.”          

Sou plan teknik ak ezoterik, Tèm Astral Pèsonèl la bati apati de moman egzak nesans yon MOUN: dat li fèt, lè li fèt, ak kote li fèt sou latè. Se twa kle sa yo ki pèmèt trase kat syèl la jan li te ye nan premye souf li lè li te sòti nan vant manman l. Dat la pote ritm jeneral la ak sik tan an; lè nesans la pèmèt konnen ki jan kay espirityèl yo louvri sou desten an; epi kote nesans la montre ki pati syèl la ki t ap leve, ki pati ki t ap kouche, ak ki fòs envizib ki t ap make antre MOUN nan nan mond sa a. Se konsa yo rive detèmine siy solèy la, siy ki t ap leve a, pozisyon lalin nan, planèt yo, kay yo, ak aspè yo, sa vle di relasyon fòs yo youn ak lòt nan moman nesans la.

Nan anpil ansèyman ezoterik, yo konsidere tou ke gen lòt kle ki ka vin anrichi lekti a: non ou resevwa a, vibrasyon non papa ak manman w ba ou a, siyati fanmi ou pote a, menm jan ak chif ki soti nan dat nesans ou. Tout eleman sa yo ka fòme yon kalite achitekti envizib ki enfliyanse fason ou antre nan lavi a, fason ou resanti, fason ou reflechi, kalite tès ou atire, ak jan ou reponn devan apèl NANM ou.

Pa egzanp, sa anpil tradisyon rele “chimen lavi” a se yon vibrasyon oswa yon liy direksyon yo souvan kalkile apati dat nesans konplè yon MOUN. Nan nimewoloji, yo pran jou, mwa, ak ane nesans la, yo redwi yo an chif jiskaske yo jwenn yon nimewo prensipal. Nimewo sa a pa di tout bagay sou ou, men li ka bay yon gwo endikasyon sou tèm fondamantal lavi w: kalite leson ou vin aprann, kalite travay enteryè ou genyen pou w fè, ak fason chemen w ka dewoule. Gen chimen lavi ki pote enèji konstriksyon, gen ki pote sèvis, gen ki pote rechèch enteryè, gen ki pote lidèchip, gen ki pote transmisyon oswa sakrifis. Se tankou yon kouran debaz k ap travèse egzistans ou.

Menm jan an tou, nan yon apwòch ezoterik ak vibratwa, non yon MOUN pa janm yon detay vid. Non manman ak papa w ba ou a ka pote yon frekans, yon memwa, yon apèl, pafwa menm yon chay oubyen yon benediksyon. Nan kèk tradisyon mistik, yo konsidere ke chak lèt gen yon fòs, chak son gen yon vibrasyon, e chak non antre an rezònans ak yon kalite desten. Se poutèt sa de moun ki fèt menm jou pa toujou viv menm lavi: paske anplis syèl nesans la, gen liy fanmi an, non yo pote a, ak jan konsyans yo reponn ak fòs sa yo.

Kote ou fèt la ak lè ou fèt la gen enpòtans tou, paske syèl la pa menm tout kote sou latè nan menm moman an. Yon MOUN ki fèt a midi ak yon lòt ki fèt nan mitan lannuit pa antre anba menm ouvèti syèl la; yon MOUN ki fèt sou yon zile, sou yon mòn, oswa nan yon lòt longitid pa resevwa menm oryantasyon kat selès la. Se poutèt sa lè nesans la tèlman enpòtan: yon ti diferans minit ka deplase aks kay yo, chanje siy ki t ap leve a, epi transfòme fason yon moun prezante tèt li devan lavi, jan li viv relasyon li, travay li, misyon li, oswa rechèch espirityèl li.

Se nan sans sa a Tèm Astral  Pèsonèl la vin plis pase yon senp deskripsyon karaktè: li tounen yon syans senbolik ak sakre ki chèche kijan linivè a te make antre yon NANM nan tan, nan espas, ak nan istwa. Men, menm jan tradisyon ezoterik yo raple sa, fòs yo ka enfliyanse yon MOUN, yo ka panche l, yo ka montre tandans yo, men yo pa janm fèmen libète enteryè li. Yo montre kat la; se konsyans MOUN nan ki deside kijan li pral mache chimen an.

Visited 9 times, 1 visit(s) today