Avèk Papa Da

Vin aprann konn tèt ou

"Espirityalite se yon mòd lavi, yon fason pèsonèl pou apwoche lavi chak jou selon sa ou santi andedan w ak lanati." Papa Da

MOUN Ayiti (MOuvement pour l'Unité Nationale d'Ayiti)
MOUN Ayiti Miltimedya
Ayiti Reveye (RAMAD Show)
Radyo Makandal Sove
Kajou.TV
Radio Africa 1804
Positivis

— Kiyès ki Papa Da?

Papa Da ede MOUN dekouvri kiyès yo ye toutbon vre.

     lane
eksperyans
1

Papa Da se yon enfòmatisyen eksperimante ki gen plis pase 20 lane eksperyans nan domèn enfòmatik ak teknoloji. Pandan tout ane sa yo, li devlope yon konpetans solid nan enfòmatik, sèvis teknik, sipò dijital, devlopman solisyon teknolojik, ak itilizasyon zouti modèn pou ede moun ak òganizasyon avanse nan epòk dijital la. Eksperyans sa a pèmèt li mete konesans teknik, refleksyon, ak vizyon li nan sèvis kominote a.

An menm tan, li se yon Ginen ak yon kabalis, yon moun ki angaje l nan rechèch pwofon sou mistè lavi, espirityalite, ak konesans ki pèmèt moun antre pi fon nan verite sou egzistans yo. Vizyon li pa limite sèlman ak sa je fizik ka wè, men li chita tou sou konpreyansyon relasyon ant moun, nanm, lanati, ak fòs envizib ki soutni lavi a.

Nan domèn espirityèl la, li prezante tèt li kòm yon gid espirityèl terès, yon moun ki gen misyon pou ede lòt moun dekouvri tèt yo toutbon vre. Travay li se akonpaye moun pou yo aprann konnen kiyès yo ye toutbon, ki sa nanm yo ye? ki veritab misyon yo sou tè a? Kijan pou yo konekte ak gid astral yo, epi kijan yo kapab viv nan ekilib ak amoni ak kreyasyon an. Li ankouraje yon chimen konsyans kote moun aprann respekte ak onore lanati, sous dlo yo, pye bwa yo, bèt yo, ak tout fòs vivan ki makònen ak lavi sou latè.

Atravè ansèyman li yo, refleksyon li yo, ak angajman li, Papa Da chèche ede chak moun reveye limyè ki andedan yo, reprann koneksyon ak rasin yo, epi mache sou chimen verite, sajès, ak amoni an. Se nan lespri sa a li mete tèt li nan sèvis Lekòl MOUN Ayiti (Mouvement d’Occultisme Unifié Néo-Spirituel d’Ayiti), ki se yon espas rechèch, transmisyon, ak elevasyon konsyans nou.

Papa Da

Ann grandi ansanm nan konesans ak limyè.

Tout dènye ansèyman pou reveye konsyans ou epi leve lespri w.

Enskri nan kou yo pou w dekouvri tèt ou epi amelyore lavi w.

— Kijan pwoseis la ye?

Yon seri de etap youn aprè lòt ki pèmèt ou derape cheminman espirityèl ou toutbon vre, pou w dekouvri tèt ou, travay sou lavi w, epi vanse sou chimen elevasyon espirityèl ou.

Premye bagay la se toujou pran yon desizyon fèm pou w chanje lavi w konplètman.

1. Pran desizyon an
Premye pa a se pran yon desizyon fèm pou w chanje lavi w toutbon vre, ak volonte pou w antre nan yon nouvo etap elevasyon konsyans.

2. Rezève randevou prive a distans lan
Aprèsa, ou rezève yon seyans prive a distans ak Papa Da, pou kòmanse ouvri chimen an, pale sou lavi w, epi rasanble enfòmasyon enpòtan pou travay espirityèl la ak pou preparasyon Tèm astral ou.

3. Montre angajman w nan seyans yo
Nan seyans pratik yo, ou gen pou montre ou pare pou angaje w seryezman, ak onètete, disiplin, ak volonte pou w chanje toutbon vre.

4. Kòmanse antre nan transfòmasyon an
Depi travay la tanmen nan lavi w, chanjman yo ka kòmanse derape piti piti, pou mennen w nan plis limyè, plis konsyans, ak plis elevasyon espirityèl.

Pran yon desizyon fèm pou w chanje lavi w konplètman

Tout vrè transfòmasyon kòmanse ak yon desizyon enteryè ki klè. Anvan nenpòt moun antre nan yon chimen espirityèl serye, li dwe rive nan yon pwen kote li di nanm li: “Mwen pa vle rete menm jan ankò.” Se pa yon senp anvi pasajè, ni yon kiryozite, men yon angajman pwofon pou kite dèyè konfizyon, blokaj, soufrans initil, dezòd enteryè, ak tout vye modèl ki anpeche limyè w briye.

Nan vizyon Lekòl MOUN Ayiti, chanje lavi pa vle di sèlman amelyore kèk aspè deyò. Sa vle di antre nan yon mouvman renesans enteryè kote ou deside travay sou panse w, sou enèji w, sou konsyans ou, sou relasyon w ak tèt ou, sou relasyon w ak MOUN ak sou relasyon w ak fòs vivan ki antoure w. Premye etap la se rekonèt ke lavi w ka pran yon lòt direksyon, epi se ou menm ki dwe ouvri pòt sa a.

Se lè desizyon sa a pran nan kè, nan lespri, ak nan volonte, chimen veritab la kòmanse. Paske okenn gid pa ka mache nan chimen paw lan nan plas ou, men yon gid eksperimante ka ede w wè pi klè, konprann pi byen, epi avanse ak plis jistès.

1
Rezève yon seyans konsiltasyon prive a distans ak Papa Da

Rezève yon randevou prive ak Papa Da se plis pase yon senp rankont a distans. Se fè premye pa konkrè ou nan direksyon verite sou tèt ou. Se chwazi antre nan yon espas sakre kote ou pral kapab pale, poze kesyon, ouvri kè w, epi kòmanse eksplore pi fon kiyès ou ye toutbon vre.

Nan seyans prive sa a, objektif la se pa sèlman tande kèk pawòl motivasyon, men se antre nan yon demach pèsonèl ak pwofon. Antanke yon enfòmatisyen eksperimante ki metrize disiplin, analiz, ak estrikti, epi an menm tan yon Ginen ak yon kabalis ki angaje nan rechèch sou mistè lavi ak chimen elevasyon konsyans ak NANM, Papa Da mete ansanm vizyon teknik, refleksyon pwofon, ak konpreyansyon espirityèl pou ede w gade lavi w ak lòt je.

Randevou prive sa a se yon moman kote ou ka kòmanse wè pi klè sou blokaj ou yo, kesyon enteryè ou yo, bezwen nanm ou, ak direksyon travay espirityèl ki ta ka pi itil pou ou. Se yon envitasyon pou antre nan yon relasyon gidans ki baze sou verite, disènman, ak volonte pou grandi.

Anplis sa, pandan premye seyans lan, Papa Da ap kòmanse kolekte enfòmasyon enpòtan sou ou, sou chimen lavi w, sou eksperyans ou, sou kestyon ki abite nanm ou, ak sou eleman fondamantal ki makonnen ak egzistans ou. Travay sa a enpòtan anpil, paske li pèmèt li antre pi fon nan etid lavi w pou prepare yon dokiman pèsonèl li pral remèt ou annaprè, ki rele Tèm astral. Dokiman sa a ap sèvi kòm yon baz refleksyon ak konpreyansyon sou enèji lavi w, mouvman pwofon ki make desten w, fòs ki akonpaye chimen ou, ansanm ak pwen kle ki ka ede w konprann pi byen misyon ou sou ti bout tè sa, defi ou dwe relve, ak potansyèl elevasyon espirityèl ou.

Se konsa, randevou prive a pa sèlman yon premye kontak; li se tou kòmansman yon travay etid, obsèvasyon, ak akonpayman ki fèt ak anpil atansyon, pou ede w antre nan yon pi gwo limyè sou tèt ou ak sou chimen w sou tè a pou w prepare demen w nan mond ki gen pou vini an ke tradisyon Kabal la rele "Olam Ha-Ba — עולם הבא ".

2
Nan seyans pratik ke w pral genyen ak Papa Da, montre ke w vle angaje w pou w chanje toutbon vre

Yon moun pa chanje lavi l ak pawòl sèlman. Chanjman mande volonte, disiplin, onètete ak aksyon. Se poutèt sa nan seyans pratik yo, sa ki pi enpòtan se pa sèlman sa w di, men sa w pare pou w fè. Se la wa va montre si ou vrèman dispoze antre nan travay enteryè a ak toutbon vre.

Nan lespri Lekòl MOUN Ayiti an, yon chimen elevasyon pa bati sou aparans ni sou ilizyon. Li bati sou angajman reyèl. Sa vle di ou dwe rive ak yon lespri ouvè, ak respè pou pwosesis la, ak volonte pou w egzamine tèt ou san manti. Pi souvan sa mande w aksepte verite sou tèt ou, kraze kèk move abitid, korije kèk enèji, oswa antre nan nouvo pratik ki ede w reprann balans ou.

Seyans pratik yo se pa yon espas kote yo fè travay la pou ou; se yon espas kote yo ede w antre nan travay la avèk konsyans. Lè ou montre ke ou vle angaje w toutbon vre, ou ouvri pòt pou yon mouvman reyèl kòmanse nan lavi w. Paske fòs espirityèl yo mache pi byen ak moun ki vini ak senserite, volonte, ak respè pou chimen y ap antre ladan l nan.

3
Apati travay ki pral tanmen nan lavi w yo, chanjman ap derape pou rive nan elevasyon total kapital lavi espirityèl ou

Lè travay la kòmanse toutbon, rezilta yo pa rete sèlman nan nivo espirityèl abstrè; yo kòmanse manifeste nan tout aspè nan lavi w. Panse w ap vin pi klè. Konesans ou sou tèt ou ap vin pi pwofon. Fason w santi enèji w, fason w pran desizyon, fason w konprann relasyon ou ak MOUN, ak kreyasyon an epi tout sa ki ladann, e menm fason w mache sou tè a ap pran yon lòt dimansyon. Se sa nou rele yon mouvman elevasyon espirityèl total kapital.

Nan vizyon Lekòl MOUN Ayiti, elevasyon total kapital lavi espirityèl la se lè MOUN nan kòmanse reprann plas li nan ekilib ak tèt li, ak rasin li, ak lanati, ak prensip ki soutni lavi a. Se pa yon transfòmasyon pou al fè "show off" pou montre ke w chanje; Dayè youn nan tradisyon cheminman espirityèl la se "Savoir-Vouloir-Oser-Se taire" ki tradui nan lang pa nou "Chèche konnen – Gen volonte – Oze aji – Konnen kilè pou w rete an silans", se yon renouvèlman enteryè ki bati sou verite, limyè, sajès, ak amoni. Travay ki tanmen an ap ede w reveye sa ki te deja anndan w, men ki te dòmi, bloke, oswa neglije pandan lontan.

Se konsa, ti pa, ti pa, lavi w ap antre nan yon lòt etap: yon etap kote ou pa viv sèlman pa abitid oswa pa konfizyon, men kote ou kòmanse mache ak plis konsyans, plis fòs, plis limyè, ak plis koneksyon ak misyon reyèl ou sou tè a. Se la chimen chanjman an vin tounen chimen elevasyon espirityèl lan toutbon vre.

4

Ou pare pou w tanmen cheminman espirityèl ou?

Pa tann demen, demen gen chay pa li. PRAN DESIZYON FÈM POU W CHANJE LAVI W KONPLÈTMAN, JODI AN LA MENM.

N.B.: An jeneral, Papa Da ap konfime demann randevou prive an nan mwens ke 24èd tan.

Mwen konfime ke mwen li epi mwen dakò ak Règleman sou konfidansyalite, Kondisyon itilizasyon sèvis, ak Enstriksyon pou efasman done itilizatè Lekòl MOUN Ayiti yo avan mwen fè yon rezèvasyon oubyen enskri nan yon kou:

Si w te pran yon randevou deja. Rantre nan espas randevou edityan an ak imel ou epi modpas ou te kreye lè w t ap pran randevou an pou w jere randevou ke w te pran deja. Sa vle di w ka anile li, mete li nan yon lòt dat pito, elatriye…

Tanmen cheminman espirityèl ou kounya la

Sèvis espirityèl, ezoterik, ak gidans pèsonèl pou elevasyon konsyans ou

Nou kapab akonpaye w nan aspè enpòtan sa yo.

1. Konsiltasyon espirityèl prive / seyans gidans endividyèl

Yon sèvis kote yon moun pran yon randevou prive ak Papa Da pou resevwa yon premye gidans espirityèl, yon oryantasyon pèsonèl, ak yon espas refleksyon sou lavi li, blokaj li, kesyon li, misyon li, ak,...→

chimen li ta renmen tanmen nan espirityalite. Sèvis sa a ka sèvi kòm yon premye priz kontak pou moun ki santi yo rele pou antre nan yon chemen espirityèl, men ki poko konnen ki kote pou yo kòmanse, ki sèvis ki pi bon pou yo, oswa ki kalite travay enteryè yo bezwen fè.

klike pou plis detay

2. Tèm astral pèsonèl / analiz natal ak etid nimewolojik

Yon sèvis kote Lekòl la ede moun konprann enfliyans nesans yo, chemen lavi yo, fòs astral yo, vibrasyon non yo, nimewo pèsonèl yo, ak dinamik espirityèl ki makonnen ak dat, lè, kote yo,...→

fèt, ansanm ak non yo pote. Nan sèvis sa a, Tèm Astral Pèsonèl la ka mache ansanm ak yon etid nimewolojik pou bay yon vizyon pi laj sou chemen lavi moun nan, fòs li, feblès li, don li, defi li, ak kalite misyon ki ka parèt nan egzistans li.

klike pou plis detay

3. Bilans espirityèl pèsonèl konplè

Yon sèvis kote Lekòl la fè yon evalyasyon jeneral sou eta espirityèl, mantal, emosyonèl, ekzistansyèl, ak direksyon lavi yon moun. Sèvis sa a ka sèvi pou moun ki bezwen yon analiz pi laj sou sa k ap pase nan lavi yo, sou rezon ki fè yo santi yo bloke, sou kalite,....→

travay enteryè yo bezwen fè, ak sou ki chemen espirityèl ki ka pi byen koresponn ak yo.

klike pou plis detay

4. Pwoblèm eritaj familyal / Bitasyon ak rekoneksyon ak rasin

Yon sèvis ki fèt pou moun ki vle konprann enfliyans fanmi, zansèt, liyaj, bitasyon, memwa jenerasyon, ak rasin espirityèl oswa kiltirèl yo sou lavi yo. Sèvis sa a konsantre,...→

konsantre sou kesyon blokaj ki ka soti bò manman, bò papa, nan istwa fanmi, nan tè fanmi, nan non fanmi, oswa nan modèl ki repete atravè jenerasyon.

klike pou plis detay

5. Chimen Ginen yo

Yon sèvis ki fèt pou moun ki vle konprann relasyon yo ak rasin Ginen, tradisyon espirityèl ayisyen, zansèt, lanati, fòs yo, ak chimen kiltirèl / mistik ki makonnen ak eritaj pèp ayisyen an. Sèvis sa a se yon sèvis gidans, refleksyon, edikasyon, ak akonpayman espirityèl,...→

, san pwomès mirak oswa garanti rezilta.

klike pou plis detay

6. Entèpretasyon rèv ak siy espirityèl

Yon sèvis kote moun nan pote rèv li yo, sitou rèv repete, rèv fò, rèv ki boulvèse li, rèv ki sanble pote mesaj, oubyen eksperyans lannuit li pa rive konprann. Sèvis sa a konekte dirèkteman ak pratik Kanè Rèv ak Eksperyans Espirityèl la,...→

kote moun nan aprann note, obsève, klase, epi reflechi sou rèv ak siy li yo.

klike pou plis detay

Espas chimen Limyè!

Byenvini nan 
Espas Chimen Limyè
Lekòl MOUN Ayiti.

Vin patisipe nan atelye, konferans, ak rankont nou yo. Dekouvri kalandriye aktivite nou yo nan yon espas kote refleksyon, pataj, ak elevasyon konsyans reyini pou limyè ki nan mwen an rankontre limyè ki nan ou an.

MOUN ke Lekòl MOUN Ayiti transfòme lavi yo deja
1 +
Kou ki plibliye deja
1
Satisfaksyon
1 %
Akonpayman
1 %

Testimonials

Results I have helped create

Hear out what my clients say about me.

44
"I gained so much confidence in my ability to connect and deepen my relationships with people. It’s amazing how much easier it has been to meet new people and create instant connections. I have the exact same personality, the only thing that has changed is my mindset and a few behaviors."
Anna Allen
Founder & CEO
3799Ffxy
"It’s amazing how much easier it has been to meet new people and create instant connections. I have the exact same personality, the only thing that has changed is my mindset and a few behaviors."
Jane Anderson
Founder & CEO
photo-1489424731084-a5d8b219a5bb
"Wow! I have the exact same personality, the only thing that has changed is my mindset and a few behaviors.I gained so much confidence in my ability to connect and deepen my relationships with people. It’s amazing how much easier it has been to meet new people and create instant connections"
Jake Bill
Founder & CEO
photo-1552058544-f2b08422138a
"I gained so much confidence in my ability to connect and deepen my relationships with people. It’s amazing how much easier it has been to meet new people and create instant connections. I have the exact same personality, the only thing that has changed is my mindset and a few behaviors."
Ribeka Cruz
Founder & CEO

Subscribe to the

Weekly Newsletter

Get my tips directly into your inbox.

Yes! I hate spam too 😉

Visited 1,355 times, 3 visit(s) today